Accessibility links

Breaking News

Jwè Brezilyen yo fè fas ak Anpil Kritik Dèske yo Pat Asiste Antèman Pelé a


PELÉ-FUNERAL
PELÉ-FUNERAL

SAO PAULO (AP) — Anpil ansyen ak aktyèl jwè foutbòl brezilyen sibi anpil kritik dèske yo pat ale nan fineray Pele.

Wa Pele ki te chanpyon koup du mond 3 fwa deja te antere nan vil kote li te fèt. Gen plis pase 230,000 moun ki te al rann omaj yo nan stad Vila Belmiro nan Santos.

Pelé te mouri apre dokté li te dekouvri ke li fè kansè apre yon chek medikal woutin. Fanatik yo te espere ke yo tap wè nan fineray la ansyen jwè Santos tankou Neymar, Rodrygo ak Giovanni.

Yo te espere tou deske yo tap wè prezans ansyen jwè tankou Zico, Romario, Ronaldo, Kaká ak Ronaldinho Gaucho.

Kont rezo sosyal yo te inonde ak kòmantè fanatik ki te fache.

XS
SM
MD
LG