Lajitis nan peyi Espay mande ansyen Prezidan Federasyon Foutbòl Panyòl la, Luis Rubiales pou li konparèt devan tribinal Vandredi nan kad ankèt yap menen kont li apre li te bo sou bouch san konsantman l, jwèz Jennifer Hermoso apre ekip la te ranpòte mondyal la.
Prezidan Federasyon Foutbòl Panyòl la (RFEF), Luis Rubiales anonse demisyon li. FIFA te deja sispann misye apre li te bo jwèz Jennifer Hermoso sou bouch san konsantman li apre ekip panyòl la te ranpòte tit mondyal "Roja" la.
Federasyon foutbòl Espay la RFEF nonmen Montse Tome pou ranplase Jorge Vilda ke yo te revoke kòm antrenè seleksyon nasyonal fanm nan, sa ki fè l rantre nan listwa kòm premye fanm ki pral dirije ekip feminen peyi sa.
MADRID (AP) — Federasyon foutbòl Espayòl la revoke antrenè seleksyon nasyonal fanm nan Jorge Vilda pandan pako gen twa semèn depi Espay te ranpòte koup di mond fanm nan e nan mitan yon gwo konfli ki te enplike prezidan federasyon an, Luis Rubiales.
GENEVA (AP) — Otorite wo-plase nan Federasyon foutbòl Espay la mande prezidan federasyon an Luis Rubiales pou l demisyone akoz move konpòtman li nan koup du mond fanm yo, tankou bo yon jwè nan bouch apre Espay te ranpòte match chanpyona a.
Excel Medical Associates onore 3 fanm: on jounalis ki se Marie Sophonie Louis ak 2 gadyen seleksyon nasyonal Ayisyen an Kerly Gheus ak Naomi Ambroise
Load more