Accessibility links

Breaking News

Pele Antere nan Vil li Bay Renome a


Sekey defen vedet foutbol Pele ki vlope ak drapo Brezilyen an ak klib foutbol Santos FC a pase devan stad Vila Belmiro a nan vil Santos, Brezil, 3 Janvye, 2023.
Sekey defen vedet foutbol Pele ki vlope ak drapo Brezilyen an ak klib foutbol Santos FC a pase devan stad Vila Belmiro a nan vil Santos, Brezil, 3 Janvye, 2023.

Pele antere Madi 3 Janvye nan moman fanatik foutbòl toupatou nan mond lan ak nan Brezil ap pote dèy pou li.

Prezidan Luiz Inacio Lula da Silva, ki fèk prete sèman, te rann yon dènye omaj ak Pele nan Vila Belmiro, ki se stad kote Pele te jwe pandan pi fò karyè li.

Pele antere nan vil kote li te grandi, ranpòte renome, epi ede tounen yon kapital global spò li a.

Mès la te dewoule nan sta Vila Belmiro a epi apre sa sèkèy Pele te pase nan ri vil Santos yo.

Yon moun ki pat prezan se Jair Bolsonaro, ki mete fen nan manda prezidansyèl li 31 Desanm.

Yon jou anvan fineray la, Bolsonaro kite Brasilia pou'l al nan eta Florid. Dapre nouvèl yo, Bolsonaro ap viv nan yon bilding rezidansyèl tou pre Orlando kote gen moun ki filme li pandan li tap pale ak vwazen.

XS
SM
MD
LG