Accessibility links

Breaking News

Pele Voye yon Mesaj Sipò Bay Neymar


Neymar reyaji apre echek ekip Brezil la pandan chout penalite yo nan match ka de final yo kont Krowasi nan Mondyal Foutbol Qatar la, 9 Desanm, 2022.
Neymar reyaji apre echek ekip Brezil la pandan chout penalite yo nan match ka de final yo kont Krowasi nan Mondyal Foutbol Qatar la, 9 Desanm, 2022.

Ikon foutbòl Brezilyen Pele felisite Neymar pou pefomans li ak seleksyon nasyonal la kote li rive egalize rekò li pou kantite gòl li make. Pele an menm tan ankouraje Neymar apre defet ekip la nan ka de final yo.

Pele entene lopital kote lap resevwa swen pou yon enfeksyon respiratwa. Li pibliye yon mesaj sou ont Instagram li apre Brezil pedi devan Krowasi sou penalite pandan tounwa a nan Qatar.

Pele ki gen 82 zan ekri: "Mwen te bat bravo pouwou chak jou e mwen kapab an fen felisite w deske ou rive make otan gòl ke mwen te make pou Brezil.

Neymar make sel gòl Brezil la kon Krowasi pou ba li yon total de 77 pou seleksyon nasyonal la.

Krowasi te kale Brezil apre sa sou penalite 4-2.

XS
SM
MD
LG