Accessibility links

Breaking News

Krowasi Kale Brezil sou Penalite nan Ka de Final Mondyal Foutbòl Qatar la


Seleksyon nasyonal Krowasi a fete viktwa li kont Brezil nan ka de final Mondyal Foutbol Qatar la, 9 Desanm, 2022.
Seleksyon nasyonal Krowasi a fete viktwa li kont Brezil nan ka de final Mondyal Foutbol Qatar la, 9 Desanm, 2022.

Krowasi elimine Brezil nan Mondyal Foutbòl Qatar la 4-2 sou penalite nan ka de final yo.

Gadyen Krowasi a, Dominik Livakovic bloke premye chout penalite Rodrygo a. Chout Marquinhos la limenm frape poto a.

Brezilyen Antony tonbe sou teren an pandan match Krowasi - Brezil la, nan ka de final Mondyal Foutbol Qatar la, 9 Desanm, 2022.
Brezilyen Antony tonbe sou teren an pandan match Krowasi - Brezil la, nan ka de final Mondyal Foutbol Qatar la, 9 Desanm, 2022.

Neymar te make yon gòl nan fen premye mitan tan siplemantè a pou ede Brezil pran devan. Men, Krowasi te egalize apre Bruno Petkovic te make yon gòl nan 117èm minit la.

Krowasi pral fè fas kounyea ak swa Ajantin, swa peyi Ba nan pwochen etap tounwa a.

XS
SM
MD
LG