Accessibility links

Breaking News

Ronaldo Chita Sou Ban, Pòtigal Vannen La Suis 6-1 nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Jwe Potigal Goncalo Ramos selebre apre li make 5em gol ekip li nan match kont La Suis nan Mondyal Foutbol Qatar la, Madi 6 Desanm, 2022.
Jwe Potigal Goncalo Ramos selebre apre li make 5em gol ekip li nan match kont La Suis nan Mondyal Foutbol Qatar la, Madi 6 Desanm, 2022.

Ranplasan Cristiano Ronaldo a, Goncalo Ramos, make 3 gòl pou ede Pòtigal ranpòte la viktwa sou La Suis, 6-1.

Ramos gen 21 an selman e li te gran debi li ak seleksyon nasyonal Potigal la mwa pase a. Jwe a montre kalite teknik ak bel pas sou teren foutbòl la ki te bay Ronaldo renome.

Jwe Potigal Goncalo Ramos (dezyem a goch) make 3em gol ekip li devan gadyen Suis Yann Sommer pandan Mondyal Foutbol Qatar la, 6 Desanm, 2022.
Jwe Potigal Goncalo Ramos (dezyem a goch) make 3em gol ekip li devan gadyen Suis Yann Sommer pandan Mondyal Foutbol Qatar la, 6 Desanm, 2022.

Ramos make premye gòl ekip la nan 17em minit la. Li ajoute lòt yo nan 51em ak 67em minit yo.

Fanatik nan stad la te pran chante "RONALDO! RONALDO!" Dapre nouvel yo, 89,000 moun te asiste match la nan stad Lusail la.

Ronaldo te finalman pran teren an nan 72em minit la.

XS
SM
MD
LG