Accessibility links

Breaking News

Brezil Kale Kore di Sid 4-1 nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Neymar (a dwat) selebre viktwa seleksyon nasyonal Brezil la sou Kore di Sid, 4-1 ak ko-ekipye li yo: Lucas Paqueta, Raphinha epi Vinicius Junior, 5 Desanm, 2022.
Neymar (a dwat) selebre viktwa seleksyon nasyonal Brezil la sou Kore di Sid, 4-1 ak ko-ekipye li yo: Lucas Paqueta, Raphinha epi Vinicius Junior, 5 Desanm, 2022.

Neymar make yon gòl nan premye match li depi li te blese cheviy dwat li pou ede seleksyon nasyonal Brezil la kale Kore di Sid 4-1 pou avanse nan ka de final yo.

Neymar konvèti yon chout penalite an gòl - 76em li pou Brezil - ki mete l ak yon diferans yon gòl sèlman ak Pele pou ekip nasyonal la.

Match Brezil - Kore di Sid la, Lendi 5 Desanm, 2022 nan Mondyal Foutbol Qatar la.
Match Brezil - Kore di Sid la, Lendi 5 Desanm, 2022 nan Mondyal Foutbol Qatar la.

Pele, ki gen 82 zan, te di li tapral suiv match la nan televizyon nan lopital kote lap resevwa tretman pou yon enfeksyon respiratwa.

Vinicius Junior, Richarlison ak Lucas Paqueta make gòl pou Brezil tou nan premye mitan an.

Vedet Brezilyen Richarlison an aksyon ak Sid Koreyen Kim Min-jae, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 5 Desanm, 2022.
Vedet Brezilyen Richarlison an aksyon ak Sid Koreyen Kim Min-jae, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 5 Desanm, 2022.

Kounyea Selecao la avanse nan ka de final yo. Se 8èm fwa li avanse nan ka de final yo nan Mondyal Foutbòl la.

Kore di Sid tap eseye avanse nan ka de final yo pou premye fwa depi 2002 le li te rive nan semifinal yo epi fini 4èm.

Jwe Sid Koreyen Paik Seung-ho make premye gol ekip li kont Brezil nan Mondyal Foutbol Qatar la, 5 Desanm, 2022.
Jwe Sid Koreyen Paik Seung-ho make premye gol ekip li kont Brezil nan Mondyal Foutbol Qatar la, 5 Desanm, 2022.

Paik Seung-ho make sèl gòl Kore di Sid la nan 76èm minit la.

XS
SM
MD
LG