Accessibility links

Breaking News

Neymar Reprann Teren Foutbòl la pou Brezil, Make Gòl


Neymar Selebre apre li make dezyem gol ekip Brezil la kont Kore di Sid nan Mondyal Foutbol Qatar la, 5 Desanm, 2022.
Neymar Selebre apre li make dezyem gol ekip Brezil la kont Kore di Sid nan Mondyal Foutbol Qatar la, 5 Desanm, 2022.

Neymar reprann teren foutbòl la nan match seleksyon nasyonal Brezil kont Kore di Sid nan faz eliminatwa a. Vedet la make yon gòl nan premye mitan match la ki mete l ak yon diferans yon sel gòl ak rekò Pele a.

Neymar make yon gòl sou penalite nan 13em minit la pou ede Brezil pran devan ak 4 gòl kont 0 nan premye mitan an.

Vinicius Junior, Richarlison ak Lucas Paqueta make gòl pou Brezil tou.

Neymar gen 76 gòl pou Brezil, ki se youn an mwens ke reko Pele tabli a.

Vedet la pat jwe depi li te blese cheviy dwat li nan premye match seleksyon Brezil la kont Serbi.

XS
SM
MD
LG