Accessibility links

Breaking News

Krowasi Kale Japon sou Penalite nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Gadyen Krowasi Dominik Livakovic trape chout penalite jwe Japone Maya Yoshida pandan match Krowasi-Japon an nan Mondyal Foutbol Qatar la, Lendi 5 Desanm, 2022.
Gadyen Krowasi Dominik Livakovic trape chout penalite jwe Japone Maya Yoshida pandan match Krowasi-Japon an nan Mondyal Foutbol Qatar la, Lendi 5 Desanm, 2022.

Gadyen Krowasi a Dominik Livakovic bloke 3 chout penalite Japon pou ede ekip li ranpòte la viktwa 3-1 nan Mondyal Foutbòl Qatar la.

Kounyea Krowasi avanse nan ka de final yo. Krowasi te fini dezyem nan tounwa a an 2018.

Mario Pasalic te konveti premye chout penalite a pou Krowasi apre ekip yo te egal ego 1-1 apre fen tan siplemante a.

Livakovic bloke chout penalite jwe Japone Takumi Minamino, Kaoru Mitomo ak Maya Yoshida.

XS
SM
MD
LG