Accessibility links

Breaking News

FIFA Pral Pini Jwè Urugwe yo pou Konfwontasyon ak yon Abit nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Jwe Urugweyen Jose Gimenez jour abit la nan fen match Gwoup H seleksyon nasyonal Urugwe kont Ghana, Vandredi 2 Desanm, 2022.
Jwe Urugweyen Jose Gimenez jour abit la nan fen match Gwoup H seleksyon nasyonal Urugwe kont Ghana, Vandredi 2 Desanm, 2022.

FIFA akize 4 jwè Urugweyen pou move konpòtman yo vizavi yon abit apre yo te pran kannè nan Mondyal Foutbòl Qatar la.

FIFA di federasyon foutbòl Urugweyen an pral fè fas ak yon lòt akizasyon pou diskriminasyon.

Ekip Urugweyen an te kwè abit la te dwe akòde yo yon chout penalite nan tan siplemantè a nan match li Vandredi kont Ghana. Urugwe genyen match la 2-0. Si li te make yon lòt gòl, li tap gen chans avanse nan faz eliminatwa a.

FIFA di Edinson Cavani, Jose Maria Gimenez, Diego Godin ak Fernando Muslera pral oblije konparet devan yon komite disiplinè pou reponn akizasyon - move konpòtman ak vyolasyon prensip je a.

XS
SM
MD
LG