Accessibility links

Breaking News

Messi Make yon Gòl pou Pèmèt Ajantin Avanse nan Ka de Final yo


Ajanten Lionel Messi selebre viktwa ekip Ajantin sou Ostrali 2-1 nan Mondyal Foutbol Qatar la, 3 Desanm, 2022.
Ajanten Lionel Messi selebre viktwa ekip Ajantin sou Ostrali 2-1 nan Mondyal Foutbol Qatar la, 3 Desanm, 2022.

Lionel Messi make 1,000em gòl li nan yon match pwofesyonèl ak gòl li nan faz eliminatwa Mondyal Foutbòl Qatar la kont Ostrali.

Ajantin kale Ostrali 2-1 nan match la, Samdi.

Messi mete Ajantin devan nan 35èm minit la ak twazyèm gòl li nan tounwa a epi 9èm gòl li an total nan Mondyal li jwe yo.

Se youn an plis pase sa Diego Maradona te reyalize.

Juan Alvarez te pwofite yon touch gadyen Ostralyen Mathew Ryan pou make dezyèm gòl Ajantin nan.

Ajantin pral fè fas ak La Oland nan ka de final yo.

Ostrali limenm te make yon gòl nan 77èm minit la, gras ak Craig Goodwin.

XS
SM
MD
LG