Accessibility links

Breaking News

Foutbolè Ayisyen Derrick Etienne Siyen Kontra ak Atlanta United


Foto Achiv: Derick Etienne (a dwat) drible balon an pandan match Columbus Crew kont CF Montreal, 3 Out, 2022.
Foto Achiv: Derick Etienne (a dwat) drible balon an pandan match Columbus Crew kont CF Montreal, 3 Out, 2022.

Atlanta United siyen kontra ak foutbolè Ayisyen Derrick Etienne. Misye te youn pami pi bon jwè ekip Columbus Crew sezon pase a - li te make 9 gòl ki se pi bon pèfòmans karyè li.

Kontra a ki valab pou 3 zan, gen ladann opsyon pou renouvle an 2026 ak 2027.

Etienne pase prèske tout karyè pwofesyonèl li ap jwe nan Lif Pwofesyonèl Etazini - sa yo rele Major League Soccer ann Angle. 3 dènye sezon yo li te jwe pou Columbus.

Misye gen 26 zan e li te fè gran debi li kòm jwè foutbòl pwofesyonèl ak ekip New York Red Bulls la an 2016.

Direktè teknik Atlanta a, Carlos Bocanegra di Etienne reprezante pou ekip la yon premye pa nan direksyon fòme yon ekip ki ka kalifye pou chanpyona a.

United te rate chanpyona a ane sa a. Li te fini 11èm nan Konferans Es la.

XS
SM
MD
LG