Accessibility links

Breaking News

Mondyal: Poukisa Jij yo Deside Valide Gòl Japon an?


Jwe Japone Kaoru Mitoma sanble gen depase liy la ak balon an anvan li choute li pou make yon gol pandan match Gwoup E a kont Espay, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 1 Desanm, 2022.
Jwe Japone Kaoru Mitoma sanble gen depase liy la ak balon an anvan li choute li pou make yon gol pandan match Gwoup E a kont Espay, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 1 Desanm, 2022.

Gòl pi kontwovese ki make nan Mondyal Foutbòl Qatar la jiskaprezan se sa Japon make le li elimine Almay la.

Japone yo te deye men yo te rive make 2 gòl pou kale Espay 2-1 Jedi 1 Desanm, pou avanse nan faz eliminatwa a.

Anpil moun te kwe balon an te outside anvan li te antre nan file a. Viktwa Japon an vle di tou, Almay, ki te chanpyon 4 fwa pran kanne nan konpetisyon an.

FIFA konfime Vandredi yon kamera ki te pozisyone sou tet gòl la verifye balon an pat outside.

KISAK PASE?

Apre yo tap trennen deye 1-0 nan apre premye mitan an, sibstiti Japone Ritsu Doan make yon gòl nan 48em minit la. Men yon match nil pat ase pou Japon. Yo te bezwen make yon dezyem gòl.

Twa minit pi ta, Japon te vanse sou file Espay la e balon an woule nan direksyon gòl la. 2 jwe japone te glise pandan yo tap eseye pran kontwòl balon an epi Kaoru Mitoma jwen sikse.

Mitoma choute balon an, li rebondi epi li frape Ao Tanaka ki make gòl la ak jenou dwat li.

KISA REG LA DI?

Reg Komite Entenasyonal Foutbol la pa rapo ak ensidan sa a se "Lwa 9: Kile Balon an Or Je"

Seksyon 9,1 di: "Balon an ò je le li fin pase konpletman sou liy demakasyon gòl la oubyen liy touch la - swa ate oubyen nan le a."

Fok balon an travese konpletman sikonferans liy la pou li ò je. Li pa oblije touche liy blan an.

Yon kamera nan nivo teren an Jedi montre yon espas vet ant liy la ak balon an ki te fe l sanble li ò je.

"Si li pat yon gòl, mwen tap desi," Tanaka te deklare

REVIZYON VIDEYO

Responsab match Mondyal yo gen benefis 42 kamera televizyon kap difize match la pou revize tout aspe 64 match yo nan Qatar. FIFA di "gen 8 kamera ki gen mosyon ralanti e 4 ki gen mosyon ultra ralanti."

Teknoloji VAR la - ap sevi depi Mondyal Foutbol 2018 la nan Larisi.

Ekip VAR la gen ladann 4 responsab ki revize match yo devan yon seri ekran. Yo voye yon mesaj bay abit ki sou teren an pa rapo ak "ere ki kle e san dout" epi ensidan yo petet rate ki "taka chanje rezilta match la".

Yo pa gen dwa enteveni pou tout vyolasyon reg yo - selman reg ki gen rapò ak gòl, posib penalite, kat wouj ak ka kote yo twonpe yo de ki jwe ki te dwe resevwa kat jon ak kat wouj.

Yo revize chak gol nan mondyal la pou asire yo valid.

Sa te pran plis pase 2 minit Jedi pou ekip VAR la konfime gòl Japon an te bon.

LOT SPO

Gen lòt spò ki gen diferan fason pou deside si balon an ò je.

Nan tenis gen yon sistem kamera ki rele Hawk-Eye ki veriye si yon bati balon an te touche liy la oubyen si li te ò je.

Nan basketbòl, yon jwe kapab kenbe balon an an je osito ke oken pati kò jwe a pa touche sòl andeyò teren jwet la.

XS
SM
MD
LG