Accessibility links

Breaking News

Almay Fè Match Nil 1-1 ak Espay nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Alman Niclas Fuellkrug selebre apre li make yon gol pou Almay nan match Gwoup E yo kont Espay nan Mondyal Foutbol Qatar la, Dimanch 27 Nov. 2022.
Alman Niclas Fuellkrug selebre apre li make yon gol pou Almay nan match Gwoup E yo kont Espay nan Mondyal Foutbol Qatar la, Dimanch 27 Nov. 2022.

Alman Niclas Fullkrug make yon gòl pou sove menas ki te egziste pou seleksyon nasyonal Almay la pran kannè nan Mondyal Foutbòl Qatar la.

Fòk Almay ranpòte dènye match li pou avanse nan faz eliminatwa tounwa a.

Seleksyon nasyonal la, ki ranpòte Mondyal la 4 fwa deja te pran kannè nan etap sa a nan Mondyal ki te dewoule Larisi a, sa gen 4 an desa.

Jwe Espayol yo selebre apre Alvaro Morata make yon gol nan match seleksyon nasyonal Espay la kont Almay nan Gwoup E a, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 27 Nov. 2022.
Jwe Espayol yo selebre apre Alvaro Morata make yon gol nan match seleksyon nasyonal Espay la kont Almay nan Gwoup E a, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 27 Nov. 2022.

Alvaro Morata te make gòl Espay la nan 62em minit match la e Fullkrug te egalize skò a nan 83em minit la.

Almay pral fè fas ak Kosta Rika kounyea. Kostariken yo kale Japon 1-0 pi bonè Dimanch. Menm yon viktwa taka pa sove Almay. Yo nan ke kamyonèt la nan Gwoup E a e yo bezwen make gòl pou avanse.

XS
SM
MD
LG