Accessibility links

Breaking News

Messi Ede Ajantin Ranpòte La Viktwa sou Meksik 2-0 nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Ajanten Lionel Messi selebre viktwa seleksyon nasyonal Ajantin ranpote sou Meksik 2-0 nan Gwoup C a nan Mondyal Foutbol Qatar la, 26 Nov. 2022.
Ajanten Lionel Messi selebre viktwa seleksyon nasyonal Ajantin ranpote sou Meksik 2-0 nan Gwoup C a nan Mondyal Foutbol Qatar la, 26 Nov. 2022.

Lionel Messi make yon gòl esansyèl pou Ajantin nan viktwa 2-0 li ranpòte sou Meksik pou re-bay chans seleksyon nasyonal la genyen pou'l ranpòte Mondyal Foutbòl Qatar la jarèt.

Mesi pwofite yon touch Angel Di Maria pou'l make yon gòl nan 64èm minit match la.

Sibstiti Enzo Fernandez make dezyèm gòl la pou Ajantin nan 87èm minit la.

Sa re-bay Ajantin jarèt apre defèt chokan li te sibi devan Arabi Saoudit 2-1 nan premye match li nan tounwa a.

Viktwa Samdi a mete Ajantin an dezyèm plase nan Gwoup C anvan match li kont La Polòy Mekredi.

Messi, ki gen 35 an ap jwe nan sa ki pral pwobaleman dènye Mondyal Foutbòl karyè li.

XS
SM
MD
LG