Accessibility links

Breaking News

Neymar Montre Cheviy li ki Anfle, Men Li Gen Entansyon Reprann Teren Foutbòl la nan Mondyal la


Cheviy jwe Brezilyen Neymar apre li blese li nan match ekip li kont Serbi Jedi 24 Nov. 2022.
Cheviy jwe Brezilyen Neymar apre li blese li nan match ekip li kont Serbi Jedi 24 Nov. 2022.

Neymar ap planifye yon comeback nan Mondyal Foutbòl Qatar la, malgre li pibliye yon foto cheviy li ki anfle anpil.

Neymar ap resevwa swen pou misk li ki domaje nan cheviy dwat li pandan match seleksyon nasyonal Brezil kont Sèrbi Jedi. Brezil genyen match la 2-0.

Doktè ekip la di Neymar pral rate match Lendi a kont La Swis men yo pa bay okenn lòt detay sou kilè misye taka tounen.

Neymar ekri sou Instagram ke lap travèse "moman pi difisil" karye li men li optimis sou chans ki egziste pou'l tounen jwe ak ekip la. Li pibliye 2 foto cheviy li ki anfle nan yon "story" sou Instagram.

XS
SM
MD
LG