Accessibility links

Breaking News

Ronaldo Tounen Premye Jwè Maskilen ki Make 5 Gòl nan Mondyal la


Jwe seleksyon nasyonal Potugal Cristiano Ronaldo reyaji pandan match Gwoup H ekip li a kont Ghana nan Qatar, 24 Nov. 2022.
Jwe seleksyon nasyonal Potugal Cristiano Ronaldo reyaji pandan match Gwoup H ekip li a kont Ghana nan Qatar, 24 Nov. 2022.

Cristiano Ronaldo tounen premye foutbole maskilen ki make 5 gol nan yon Mondyal Foutbòl. Li rive fe sa nan match seleksyon nasyonal la jwe kont Ghana.

Ronaldo, ki gen 37 an konveti yon penalite nan 65em minit la pou bay Pòtugal yon avans 1-0. Kounyea li make yon gòl nan tout Mondyal kote li jwe depi ane 2006. Li te make yon gòl nan match 2010 ekip la nan Afrik di Sid e yon lòt nan tounwa 2014 la ki te dewoule o Brezil. Nan Mondyal Larisi 2018 la li te make 4 gòl.

Ronaldo ogmante bilan gòl entenasyonal li yo kounyea a 118.

Jwez Brezilyen Marta make 5 gòl nan Mondyal Foutbòl Feminen an.

Cristiano Ronaldo jwe vedet seleksyon nasyonal Potugal fete apre li make yon gol sou penalite kont Ghana nan Gwoup H la, nan Qatar, Jedi 24 Nov. 2022.
Cristiano Ronaldo jwe vedet seleksyon nasyonal Potugal fete apre li make yon gol sou penalite kont Ghana nan Gwoup H la, nan Qatar, Jedi 24 Nov. 2022.

Pòtugal kale Ghana 3-2.

Andrew Ayew te egalize skò a pou Ghana apre gòl Ronaldo te make nan 65em minit la men 8 minit apre sa, Joao Felix te re-bay Potugal avans la ak yon gòl nan 78em minit la. Rafael Leao te ajoute yon lòt gòl apre sa.

XS
SM
MD
LG