Accessibility links

Breaking News

Neymar Blese, Li Pral Rate 2èm Match Brezil nan Mondyal la


Meymar fe grimas apre li tonbe sou teren an pandan match seleksyon nasyonal Brezil la kont Serbi nan Gwoup G a, Jedi 24 Nov. 2022.
Meymar fe grimas apre li tonbe sou teren an pandan match seleksyon nasyonal Brezil la kont Serbi nan Gwoup G a, Jedi 24 Nov. 2022.

Brezil fè konnen Neymar pral rate dezyèm match seleksyon nasyonal la nan Mondyal Foutbòl Qatar la men li pral rete ak ekip la pandan lap resevwa swen pou cheviy li ki blese.

Doktè ekip la, Rodrigo Lasmar di egzamen yo fè sou cheviy dwat Neymar la montre li gen yon blesi nan misk la e li pap an mezi pou jwe nan match seleksyon an kont La Swis Lendi.

Doktè a di, objektif la se "ede l reprann ni" a tan pou l ka jwe nan tounwa a.

Lasmar pa presize kilè li kwè Neymar ap ka rekòmanse jwe.

XS
SM
MD
LG