Accessibility links

Breaking News

Qatar Pèdi Devan Senegal 3-1 nan Mondyal Foutbòl la


Senegale Bamba Dieng fete ak ko-ekipye li yo apre yo fin make 3em gol yo nan Mondyal Foutbol Qatar la, nan match Gwoup A yo a, Vandredi 25 Nov. 2022.
Senegale Bamba Dieng fete ak ko-ekipye li yo apre yo fin make 3em gol yo nan Mondyal Foutbol Qatar la, nan match Gwoup A yo a, Vandredi 25 Nov. 2022.

Senegal bay seleksyon nasyonal peyi oganizatè Mondyal Foutbòl la, Qatar, yon lòt defèt - kivledi li ka pran kannè nan tounwa a bonè.

Senegal kale Qatar 201 apre yon erè defansif ki te bay chanpyon Afriken yo yon avans.

Boulaye Dia te make premye gòl la apre defansè Qatar la, Boualem Khoukhi te eseye choute epi tonbe.

Famara Diedhiou te make dezyèm gòl Senegal la pou mete ekip la a 2-0 nan devi dezyèm mitan an Vandredi.

Sibstiti Mohammed Muntari te make sèl gòl Qatar la pou mete skò a a 2-1.

Men jefo Qatar la pou'l egalize te bwè lwil kèk minit pi ta apre Bamba Dieng te make 3èm gòl Senegal la.

XS
SM
MD
LG