Accessibility links

Breaking News

Nan Bèljik, Peyi Ba, Emet Apre Viktwa Mawòk nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Lapolis anti-emet kanpe sou yon boulva prensipal nan Brusel, Dimanch 27 Nov. 2022 apre zak vyolans pete apre viktwa Mawok ranpote sou seleksyon nasyonal Beljik la 2-0 nan Mondyal Foutbol Qatar la.
Lapolis anti-emet kanpe sou yon boulva prensipal nan Brusel, Dimanch 27 Nov. 2022 apre zak vyolans pete apre viktwa Mawok ranpote sou seleksyon nasyonal Beljik la 2-0 nan Mondyal Foutbol Qatar la.

Te gen emet nan plizyè vil nan Beljik ak Peyi Ba apre viktwa 2-0 Mawòk ranpòte sou seleksyon nasyonal Bèljik la nan Mondyal Foutbòl Qatar la.

Laplis arete apepre 2 douzèn moun epi sèvi ak kanno dlo ak gaz lakrimojèn pou dispèse foul la nan Brusèl.

Dè douzèn manifestan ranvèse ak boule machin, mete dife nan scooter elektrik epi voye brik sou machin.

Lapolis te kraze manifestasyon an apre yon moun te blese nan figi.

XS
SM
MD
LG