Accessibility links

Breaking News

Japon Kale Espay 2-1 nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Jwe Japone Ao Tanaka make dezyem gol seleksyon nasyonal Japon an nan match Gwoup E a kon Espay, 1 Desanm 2022.
Jwe Japone Ao Tanaka make dezyem gol seleksyon nasyonal Japon an nan match Gwoup E a kon Espay, 1 Desanm 2022.

Japon make 2 gòl bonè nan dezyèm mitan match li kote li simone yon defisi 1 gol pou genyen match la 2-1 epi avanse nan faz eliminatwa a.

Ao Tanaka make gol ki genyen match la pou Japon nan komansman dezyèm mitan an.

Sa te pran apepre 2 minit pou responsab yo revize anrejistreman videyo a epi asire balon an pat ò je anvan li te make gòl la.

Alvaro Morata make premye gòl la pou Espay nan 11èm minit la nan stad Entènasyonal Khalifa a.

Ritsu Doan egalize skò a nan 48èm minis la ak yon chout li tire ak pye gòch li. Apre sa, Tanaka te ajoute yon dezyèm gòl kèk minit pi ta.

Japon te siprann Almay nan premye match li nan Mondyal la kote li kale li 2-1. Match la te jwe nan menm stad la.

XS
SM
MD
LG