Accessibility links

Breaking News

Mondyal: TNH Pèdi Siyal Retransmisyon Pandan Match Lafrans-Tinizi a


Jwe Tinizyen Aissa Laidouni (a dwat) ak Franse Dayot Upamecano pandan mwatch Gwoup D a nan Mondyal Foutbol Qatar la, 30 Nov. 2022.
Jwe Tinizyen Aissa Laidouni (a dwat) ak Franse Dayot Upamecano pandan mwatch Gwoup D a nan Mondyal Foutbol Qatar la, 30 Nov. 2022.
Mèkredi maten byen bonè GajFM anonse sou Twitè malgre FIFA otorize gouvènman Ayisyen an retransmèt match koup di mond yo kap fèt nan peyi Qatar, Konpayi Verticast ki responsab Broadcast nan Karayib la, ka koupe siyal mondyal la an Ayiti.
Kèk èd tan apre, pandan match Lafrans-Tunizi an tap dewoule, plizyè telespekatè konstate siyal Television Nationale d’Haiti (TNH) la tonbe sanzatann e san okenn avi.
“Jan w wè l koupe a, se konsa m wè l tou” yon dirijan nan ministè kominikasyon ayisyen deklare, lè nou te kontakte ministè a pou kòmante sou sijè a.
“Pou kounyea gouvènman an pa gen deklarasyon ofisyèl sou sijè sa" dirijan an, ki pat vle non l site, deklare.
Sepandan, selon enfòmasyon nou ka fè konfyans gen pou pi piti 2 Ayisyen, ki se reprezantan gwoup Verticast an Ayiti, ki mande konpayi a pou koupe siyal koup di mond lan nan peyi a.
Malgre FIFA bay Ayiti dwa pou retransmèt match koup di mond lan, konpayi Verticast te mande pou leta Ayisyen peye $2.5 milyon pou l ka retransmèt match yo.
Gouvènman Ayisyen an te ofri $1.5 milyon, sepandan konpayi a pa dakò, selon done GajFM kominike maten an.
E pandan match Ajantin Meksik la, TNH pat emèt anyen. Ekran an te tou ble.

Pou kounyea gouvènman Ayisyen pa deside fè kòmante sou dosye a.

XS
SM
MD
LG