Accessibility links

Breaking News

La Frans Pèdi Devan Tunizi 1-0, Men Li Avanse nan Mondyal la Kanmenm


Wahbi Khazri selebre ak kanmarad li yo apre premye gol Tinizi make kont La Frans nan match Gwoup D yo a nan Mondyal Qatar la, 30 Nov. 2022.
Wahbi Khazri selebre ak kanmarad li yo apre premye gol Tinizi make kont La Frans nan match Gwoup D yo a nan Mondyal Qatar la, 30 Nov. 2022.

Chanpyon an tit La Frans ranpòte gwoup li malgre defèt li sibi devan Tinizi 1-0 Mèkredi.

Wahbi Khazri make gòl Tinizi a nan 58èm minit la pou ba yo la viktwa, men li pa ase pou pèmèt seleksyon an avanse nan faz eliminatwa a.

Ostrali kale Danmark 1-0 nan lòt match Gwoup D a, e fini dezyèm gras ak gòl li make nan match li yo.

Khazri te eskive defans La Frans la epi simonte tantativ 2 jwè pou bloke l anvan li te resi make gòl li a.

Sete twazyèm viktwa Tinizi ranpòte pandan Mondyal Qatar la.

Jwè Franse Antoine Griezmann te konprann li te make yon gòl pou egalize skò a nan 8èm minit tan siplemantè a men apre abit la te revize videyo chout la yo te deside misye te offside lè li te make gòl sa a.

XS
SM
MD
LG