Accessibility links

Breaking News

Angletè Kale Peyi de Gal 3-0


Angle Marcus Rashford make yon gol nan ouveti match Anglete kont Peyi de Gal nan Mondyal Foutbol Qatar la, 29 Nov. 2022.
Angle Marcus Rashford make yon gol nan ouveti match Anglete kont Peyi de Gal nan Mondyal Foutbol Qatar la, 29 Nov. 2022.

Kapitèn ekip Peyi de Gal la te oblije soti nan match kont Angletè a apre premye mitan an akoz yon blesi. Li pat klè si Bale te blese grav, men li te sanble gen difikilte nan fen premye mitan an. Brennan Johnson te ranplase li.

Peyi de Gal pèdi match la 3-0 e li pran kannè nan Mondyal la.

Jwe Peyi de Gal Ben Davies (goch) ak Jwe Anglete Phil Foden nan match Gwoup B yo a Madi 29 Nov. 2022.
Jwe Peyi de Gal Ben Davies (goch) ak Jwe Anglete Phil Foden nan match Gwoup B yo a Madi 29 Nov. 2022.

Peyi de Gal te antre nan stad Ahmad Bin Ali a nan yon sityasyon kote li te oblije genyen pou avanse nan pwochen etap la.

Se premye fwa ekip sa a ap jwe nan Mondyal Foutbòl la depi ane 1958.

Kapiten seleksyon Peyi de Gal la, Gareth Bale pandan match Gwoup B ekip la kont Anglete, 29 Nov. 2022.
Kapiten seleksyon Peyi de Gal la, Gareth Bale pandan match Gwoup B ekip la kont Anglete, 29 Nov. 2022.

Bale, 33 zan dirije ekip la. Li jwe nan 111 match e li make 41 gòl.

XS
SM
MD
LG