Accessibility links

Breaking News

Yon Manifestan Pran Teren Foutbòl Pou Li ak yon Drapo Lakansyel nan Men li


Yon manifestan kouri monte sou teren foutbol la ak yon drapo lakansyel nan men li, pandan match Potigal ak Urugwe, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
Yon manifestan kouri monte sou teren foutbol la ak yon drapo lakansyel nan men li, pandan match Potigal ak Urugwe, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.

Yon manifestan kouri monte sou teren an pandan match Pòtigal-Urugwe a. Misye te gen nan men li yon drapo lakansyèl, li te gen yon mayo Superman sou li ki make an blan "SOVE IKREN" devan an epi pa dèyè li te make "RESPE POU MEDAM IRANYEN YO".

Gad sekrite te kouri dèyè misye jis tan li te tonbe sou teren an epi lage drapo a atè. Yo te trennen li soti sou teren an apre sa.

Abit la te ranmase drapo lakansyèl la epi kite l sou kote. Drapo a rete la pandan kèk tan anvan yon anplwaye te ranmase l atè a.

Gad sekirite yo te mennen manifestan an ale an pasan pa yon tinèl.

Li pa klè si moun sa a pral fè fas ak akizasyon lajistis oubyen si lapolis mete fèmen li nan prizon.

XS
SM
MD
LG