Accessibility links

Breaking News

Brezil Avanse nan Mondyal Foutbòl Qatar la Apre Viktwa 1-0 sou La Swis

Jwe Brezilyen Casemiro selebre apre li make yon gol pandan match Gwoup G ekip la kont La Swis nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.

Brezil leve defi absans Neymar la pou kale La Swis 1-0 pou avanse nan pwochen etap Mondyal Foutbòl Qatar la.

Casemiro make yon gòl pou Brezil nn 83èm minit la pou bay seleksyon nasyonal la yon avans nan dènye 16 minit match la nan Gwoup G a.

Antrenè kip la Tite deklare: "Byen antandi nou sonje yon jwe tankou Neymar. Ekip la pèdi anpil san misye. Men nou gen lot jwe ki ka fè travay la tou - jan tout moun te wè sa jodia."

Neymar limenm te rete an otèl ekip la kote li tap resevwa swen pou yon blesi li sibi nan cheviy nan preye match Brezil nan Qatar.

Doktè ekip Brezil la poko di kile Neymar taka tounen - ou si li pral tounen ditou.

Vedèt la pibliye yon mesaj sou Twitter kote li di "Casemiro se pi bon jwè mitan defansiv nan mond lan depi lontan."

Brezil Kale La Swis 1-0 Pou Avanse nan Mondyal la

Jwe Brezilyen Richarlison choute balon an bo kote jwe Swis Nico Elvedi nan dezyem mitan match yo nan Gwoup G a, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
1/8 Jwe Brezilyen Richarlison choute balon an bo kote jwe Swis Nico Elvedi nan dezyem mitan match yo nan Gwoup G a, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
Brezil leve defi absans Neymar la pou kale La Swis 1-0 pou avanse nan pwochen etap Mondyal Foutbòl Qatar la. Casemiro make yon gòl pou Brezil nn 83èm minit la pou bay seleksyon nasyonal la yon avans nan dènye 16 minit match la nan Gwoup G a.
Jwe Brezilyen Alex Telles selebre ak Alisson Casemiro epi Marquinhos apre viktwa yo kont La Swis, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
2/8 Jwe Brezilyen Alex Telles selebre ak Alisson Casemiro epi Marquinhos apre viktwa yo kont La Swis, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
Brezil leve defi absans Neymar la pou kale La Swis 1-0 pou avanse nan pwochen etap Mondyal Foutbòl Qatar la. Casemiro make yon gòl pou Brezil nn 83èm minit la pou bay seleksyon nasyonal la yon avans nan dènye 16 minit match la nan Gwoup G a.
Jwe Swis Michel Aebischer ak Djibril Sow apre defet ekip la devan Brezil nan Gwoup G a, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
3/8 Jwe Swis Michel Aebischer ak Djibril Sow apre defet ekip la devan Brezil nan Gwoup G a, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
Brezil leve defi absans Neymar la pou kale La Swis 1-0 pou avanse nan pwochen etap Mondyal Foutbòl Qatar la. Casemiro make yon gòl pou Brezil nn 83èm minit la pou bay seleksyon nasyonal la yon avans nan dènye 16 minit match la nan Gwoup G a.
Gadyen La Swis la, Yann Sommer an aksyon pandan match seleksyon nasyonal La Swis kont Brezil nan Gwoup G, 28 Nov. 2022.
4/8 Gadyen La Swis la, Yann Sommer an aksyon pandan match seleksyon nasyonal La Swis kont Brezil nan Gwoup G, 28 Nov. 2022.
Brezil leve defi absans Neymar la pou kale La Swis 1-0 pou avanse nan pwochen etap Mondyal Foutbòl Qatar la. Casemiro make yon gòl pou Brezil nn 83èm minit la pou bay seleksyon nasyonal la yon avans nan dènye 16 minit match la nan Gwoup G a.
Jwe Brezilyen Casemiro make premye gol la pou Brezil nan match Gwoup G yo a kont La Swis nan Doha, Qatar, 28 Nov. 2022.
5/8 Jwe Brezilyen Casemiro make premye gol la pou Brezil nan match Gwoup G yo a kont La Swis nan Doha, Qatar, 28 Nov. 2022.
Brezil leve defi absans Neymar la pou kale La Swis 1-0 pou avanse nan pwochen etap Mondyal Foutbòl Qatar la. Casemiro make yon gòl pou Brezil nn 83èm minit la pou bay seleksyon nasyonal la yon avans nan dènye 16 minit match la nan Gwoup G a.
Brezilyen Vinicius Junior selebre ak ko-ekipye li yo apre li make yon gol - pi ta abit la te di gol la pa konte pou Brezil, 28 Nov. 2022.
6/8 Brezilyen Vinicius Junior selebre ak ko-ekipye li yo apre li make yon gol - pi ta abit la te di gol la pa konte pou Brezil, 28 Nov. 2022.
Brezil leve defi absans Neymar la pou kale La Swis 1-0 pou avanse nan pwochen etap Mondyal Foutbòl Qatar la. Casemiro make yon gòl pou Brezil nn 83èm minit la pou bay seleksyon nasyonal la yon avans nan dènye 16 minit match la nan Gwoup G a.
Jwe Brezily Viniius Junior tonbe bo kote defanse Swis Manuel Akanji pandan dezyem mitan match Gwoup G yo a, 28 Nov. 2022.
7/8 Jwe Brezily Viniius Junior tonbe bo kote defanse Swis Manuel Akanji pandan dezyem mitan match Gwoup G yo a, 28 Nov. 2022.
Brezil leve defi absans Neymar la pou kale La Swis 1-0 pou avanse nan pwochen etap Mondyal Foutbòl Qatar la. Casemiro make yon gòl pou Brezil nn 83èm minit la pou bay seleksyon nasyonal la yon avans nan dènye 16 minit match la nan Gwoup G a.
Jwe Brezilyen Casemiro selebre apre li make yon gol pandan match Gwoup G ekip la kont La Swis nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
8/8 Jwe Brezilyen Casemiro selebre apre li make yon gol pandan match Gwoup G ekip la kont La Swis nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
Brezil leve defi absans Neymar la pou kale La Swis 1-0 pou avanse nan pwochen etap Mondyal Foutbòl Qatar la. Casemiro make yon gòl pou Brezil nn 83èm minit la pou bay seleksyon nasyonal la yon avans nan dènye 16 minit match la nan Gwoup G a.
Previous slide
Next slide

Jwe Brezilyen Marquinhos deklare: "Nou konnen Neymar se yon gran jwè e ke li fè diferans la. Nan moman difisil li pran responsablite epi kreye opotinite, men nou montre anko jodia nou gen jwè kalite ki ka konpanse pou absans li."

Viktwa a bay Brezilen yo 6 pwen apre 2 match. La Swis gen 3 pwen limenm.

Serbi ak Cameroon fè match nil pi bonè nan jounen an e yo gen yon pwen yo chak.

Jwe Brezilyen Casemiro make premye gol la pou Brezil nan match Gwoup G yo a kont La Swis nan Doha, Qatar, 28 Nov. 2022.
Jwe Brezilyen Casemiro make premye gol la pou Brezil nan match Gwoup G yo a kont La Swis nan Doha, Qatar, 28 Nov. 2022.

La Swis pral oblije genyen match li kont Serbi pou avanse nan pwochen etap tounwa a. Si li fè match nil, li taka avanse tou - men sa pral depann de rezilta match Brezil Cameroon nan.

Brezil pèdi sèlman youn pami denye 29 match li jwe yo nan etap gwoup la. Dènye defèt li sete devan Nòvèj an 1998.

La Swis te pèdi sèlman 2 pami 13 dènye match li yo nan Mondyal la.

Antrenè ekip Swis la Murat Yakin di pa l entemedyè yon tradiktè: "Mwen paka blame ekip la, yap travay byen depi lontan. Mwen pa kwè nou desi. Gen anpil bon bagay nou ka tire de patisipasyon nou nan Mondyal la. Pwochen match la se yon bagay nou ka kontwole."

Limy yo nan stad la te diminye nan entansite kèk segond anvan mitan match la e sa te lakoz yo te sispann jwe. Brezil tapral choute yon corner lè sanzatann te komanse fè nwè nan stad pwovizwa a.

This item is part of
XS
SM
MD
LG