Accessibility links

Breaking News

Ghana Kale Kore di Sid 3-2 nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Jwe Sid Koreyen Cho Gue-sung (anwo) make premye gol ekip li pandan Mondyal Foutbol Qatar la nan match Gwoup H yo kont Ghana, 28 Nov. 2022.
Jwe Sid Koreyen Cho Gue-sung (anwo) make premye gol ekip li pandan Mondyal Foutbol Qatar la nan match Gwoup H yo kont Ghana, 28 Nov. 2022.

Mohammed Kudus make 2 gòl pou Ghana epi ede seleksyon nasyonal peyi li evite eliminasyon nan Mondyal Foutbòl Qatar la. Ghana ranpòte la viktwa sou Kore di Sid nan match Gwoup H yo a 3-2.

Mohammed Salisu make yon gòl tou pou Black Stars yo (Zetwal Nwa yo).

Ghana pedi premye match kont Pòtigal e li te bezwen pwen pou gen yon chans pou avanse nan faz eliminatwa a.

Cho Geu-sung make tou le 2 gòl Kore di Sid yo nan yon espas 3 minit konsa nan dezyem mitan an pou egalize skò a 2-2.

Jwe Sid Koreyen Cho Gue-sung selebre apre li make dezyem gol ekip li pandan match Gwoup H yo kont Ghana nan Mondyal Foutbol Qatar a, 28 Nov. 2022.
Jwe Sid Koreyen Cho Gue-sung selebre apre li make dezyem gol ekip li pandan match Gwoup H yo kont Ghana nan Mondyal Foutbol Qatar a, 28 Nov. 2022.

Vedet foutbòl Sid Koreyen Son Heung-min rete san yon sel gòl nan Qatar. Misye jwe pou ekip Tottenham e li mete yon mask pou pwoteje je gòch li ki te blese pandan yon match Lig Chanpyon an kont Marseille pi bone mwa sa a.

Antrene ekip Kore di Sid la Paulo Bento resevwa yon kat wouj kek minit apre match la te fini apre li te tonbe jouri abit Angle Anthony Taylor. Antrene a, ki se moun Potigal te vekse a mò apre Kore di Sid te ranpòte yon corner nan fen 10 minit tan siplemante men abit la te sifle anvan ekip Koreyen an te gen opotinite choute l.

Antrene seleksyon nasyonal Kore di Sid Paulo Bento ak jwe Son Heung-min pale ak abit Anthony Taylor apre match kont Ghana a, 28 Nov. 2022.
Antrene seleksyon nasyonal Kore di Sid Paulo Bento ak jwe Son Heung-min pale ak abit Anthony Taylor apre match kont Ghana a, 28 Nov. 2022.

Kat wouj la vle di Bento pap ka sou teren an le Kore di Sid jwe match final li kont Potigal Vandredi.

Antrene adjwen Sergio Costa di "rezilta a nan fen an te konpletman enjis" e li ajoute ke Bento pa di anyen "ki pa apwopriye"

Jwe seleksyon Nasyonal Ghana yo selebre viktwa 3-2 yo ranpote sou Kore di Sid nan Gwoup H la nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
Jwe seleksyon Nasyonal Ghana yo selebre viktwa 3-2 yo ranpote sou Kore di Sid nan Gwoup H la nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.

Ghana te tounen twazyem peyi Afriken ki avanse nan kadefinal Mondyal la an 2010. Oken ekip Afriken poko janm rive nan semifinal Mondyal la.

Ghana pral jwe kont Urugwe Vandredi, tandiske Kore di Sid limenm pral jwe kont Pòtigal.

XS
SM
MD
LG