Accessibility links

Breaking News

Mondyal: Kamewoun Fè Match Nul ak Sèbi 3-3


FBL-WC-2022-MATCH29-CMR-SRB-cameroun
FBL-WC-2022-MATCH29-CMR-SRB-cameroun

Ekip Samuel Etoo a, Kamewoun, fè match nul ak ekip Sèbi a 3-3.

Sèbi te ap mennen 1-2 nan premye mitan sou Kamewoun, skò a te vin redwi nan dwezyèm mitan, e match la te fini 3-3.

Castelletto louvri skò a pou Kamewoun nan 28yèm minit la. Men, Sèb yo konplètman ranvèse nan mwens pase 10 minit, anvan premye mitan an a, gras a Pavlovic ki te make a 45yèm + 1 , e Milinkovic-Savic 45yèm + 3, ak Mitrovic nan 53yèm.

"Lyon yo" yo te degaje kou met Jean Jacques pou make 2 gòl e sa pèmèt match la fini 3-3 gras a 2 gòl Aboubakar nan 63em minit la ak Choupo-Moting nan 66em.

Se te yon match espektakilè ki te jwe nan stad al-Janoub nan Doha, e rezilta match nul sa a vin mete tou 2 ekip yo nan yon pozisyon ki delika nan koup du mond la kote yo chak pataje sèlman yon pwen ant yo.

XS
SM
MD
LG