Accessibility links

Breaking News

Pòtigal Avanse nan Mondyal la Apre li Kale Urugwe 2-0


Vedet Potige Cristiano Ronaldo selebre gol ekip li make pandan match Gwoup H yo kont Urugwe nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.
Vedet Potige Cristiano Ronaldo selebre gol ekip li make pandan match Gwoup H yo kont Urugwe nan Mondyal Foutbol Qatar la, 28 Nov. 2022.

Pòtigal se 3èm ekip ki avanse nan gwoup 16 la nan Mondyal Foutbol Qatar la apre li kale Urugwe 2-0 nan yon match Gwoup C.

Bruno Fernandes make yon gol ki pase sou tèt Cristiano Ronaldo epi antre nan filè a nan 54èm minit la.

Ronaldo te konprann se te limenm ki make gol la. Sepandan abit la bay Fernandes gòl la, apre yo te revize videyo match la plizyè fwa.

Fernandes te make yon dezyem gòl pandan tan siplemantè.

Pòtigal tounen twazyèm ekip ki avanse nan gwoup 16 la apre La Frans ak Brezil.

Match Pòtigal la te kanpe pandan yon ti tan tou jis anvan gòl la apre yon manifestan ki te gen yon drapo lakansyèl nan men li te monte sou teren an.

XS
SM
MD
LG