Accessibility links

Breaking News

Pulisic Make yon Gòl pou Etazini pou Pèmèt USA Kale Iran 1-0


Christian Pulisic (10) Etazini make yon gol nan match Gwoup B seleksyon Etazini kont Iran nan Qatar, 29 Nov. 2022.
Christian Pulisic (10) Etazini make yon gol nan match Gwoup B seleksyon Etazini kont Iran nan Qatar, 29 Nov. 2022.

Christian Pulisic make yon gòl pandan li fè kolizyon ak gadyen bi Iranyen an nan 38èm minit match la.

Se konsa Etazini avanse nan faz eliminatwa Mondyal Foutbòl Qatar la apre yon viktwa 1-0 sou Iran. Anvan match la te gen anpil tansyon politik ant 2 peyi yo. Dènye fwa yo te twoke konn tou teren foutbòl la sete an 1998.

Pulisic te tonbe ate apre kolizyon an e yo te oblije ranplase l ak yon lòt jwe nan dezyèm mitan an.

Etazini pral fè fas ak La Oland Samdi, kote li va gen chans avanse nan ka de final yo pou premye fwa depi ane 2002.

Iran poko janm avanse nan faz eliminatwa a nan okenn nan 6 fwa li patisipe nan Mondyal Foutbòl la.

XS
SM
MD
LG