Accessibility links

Breaking News

Mondyal: Neymar Pap Jwe nan Match Kont Kamewoun nan


Meymar fe grimas apre li tonbe sou teren an pandan match seleksyon nasyonal Brezil la kont Serbi nan Gwoup G a, Jedi 24 Nov. 2022.
Meymar fe grimas apre li tonbe sou teren an pandan match seleksyon nasyonal Brezil la kont Serbi nan Gwoup G a, Jedi 24 Nov. 2022.

Seleksyon brezilyen an anonse Madi, yon lis jwè ki pap disponib pou match kont Kamewoun nan. Pami yo gen Neymar, Danilo ak Alex Sandro.

Sipèsta ekip Brezil la Neymar, ki toujou ap resevwa tretman apre blesi li te sibi nan cheviy dwat li nan match kont ekip Serbi a pap jwe match vandredi a kont Kamewoun.

Anvan twazyèm match gwoup Seleçao la, ki deja kalifye pou pwochen etap la, doktè Rodrigo Lasmar te endike ke Neymar ak Danilo, ki blese nan cheviy pandan premye match kont Sèbi a (2-0), pap jwe e yap kontinye "pwosesis rekiperasyon yo".

Dapre doktè Lasmar nan yon videyo Federasyon Brezilyen an (CBF)ki te pibliye, di Neymar te gen lafyèv men li sou kontwòl kounyea epi sa pa entèfere ak pwosesis rekiperasyon blesi li genyen nan cheviy li".

Neymar te blese jedi pase a nan match kont Sèbi nan estad Lusail la, kote li te soti nan teren an apre yon kolizyon ak Nikola Milenkovic.

Antrenè Brezil Tite te optimis. Li di ke li kwè "Neymar pral jwe ankò nan koup du mond sa a".

San 'Ney', ekip li a kalifye pou faz eliminasyon koup du mond lan nan Lendi e yon match nul oswa viktwa kont Kamewoun ap asire yo premye plas nan gwoup G a.

XS
SM
MD
LG