Accessibility links

Breaking News

Peyi Ba Kale Qatar 2-0 pou Avanse nan Mondyal Foutbòl la


Frankie de Jong, jwe La Oland, selebre viktwa ekip la ak ko-ekipye li Memphis Depay, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 29 Nov. 2022.
Frankie de Jong, jwe La Oland, selebre viktwa ekip la ak ko-ekipye li Memphis Depay, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 29 Nov. 2022.

Peyi Ba kale seleksyon nasyonal peyi oganizatè Mondyal Foutbòl la 2-0.

La Oland avanse nan konpetisyon gwoup 16 la kounyea apre li ranpote premye plas la nan Gwoup A a.

Pandansetan, Qatar, ki te deja elimine nan konpetisyon an, tounen premye peyi oganizate ki pèdi tou le 3 match li yo nan pi gwo konpetisyon foutbòl nan mond lan.

Gadyen Qatar la Meshaal bloke chout Memphis Depay, jwe peyi La Oland, pandan match Gwoup A yo a Madi 29 Nov. 2022.
Gadyen Qatar la Meshaal bloke chout Memphis Depay, jwe peyi La Oland, pandan match Gwoup A yo a Madi 29 Nov. 2022.

Cody Gakpo bay Peyi Ba yon avans apre li make yon gòl nan mitan premye mitan an. Sete 3èm gòl li pandan Mondyal la.

Frenkie de Jong te double avantaj la 5 minit apre dezyèm mitan an.

Peyi Ba rive nan final Mondyal la 3 fwa deja. Li te fini 3èm an 2014.

Qatar limenm tap patisipe nan Mondyal Foutbòl la pou premye fwa.

XS
SM
MD
LG