Accessibility links

Breaking News

Messi, Ajantin Avanse nan Mondyal Foutbòl Qatar la Apre Viktwa 2-0 sou La Polòy


Lionel Messi souri pandan match Gwoup C a kont La Poloy nan Mondyal Foutbol Qatar la, 30 Nov. 2022.
Lionel Messi souri pandan match Gwoup C a kont La Poloy nan Mondyal Foutbol Qatar la, 30 Nov. 2022.

Lionel Messi ak ekip Ajantin nan pral nan pwochen tou Mondyal Foutbòl Qatar la apre viktwa li ranpòte sou La Polòy 2-0 Mekredi.

Se Alexis Mac Allister ak Julian Alvarez ki make gòl yo pou Ajantin nan dezyem mitan an.

Ajantin fini premye nan Gwoup C a. Li pral jwe kont Ostrali kounyea. Poloy avanse tou malgre defet la.

Ajantin souke ko li pou'l ranpote la viktwa sou advese li yo apre pet chokan li te sibi devan Arabi Saoudit 2-1 nan premye match li.

Pwochen match ekip la se Samdi.

XS
SM
MD
LG