Accessibility links

Breaking News

Arabi Saoudit Pran Kannè nan Mondyal Foutbòl Qatar la, Men ak Konfyans


Meksiken Alexis Vega ( a goch) ak Jesus Gallardo (dwat) gade jwe Saoudyen Firas Al-Buaikan vole pou balon an pandan match Gwoup C yo a, 30 Nov. 2022.
Meksiken Alexis Vega ( a goch) ak Jesus Gallardo (dwat) gade jwe Saoudyen Firas Al-Buaikan vole pou balon an pandan match Gwoup C yo a, 30 Nov. 2022.

Arabi Saoudit pa gen okenn rezon pou l wont apre eliminasyon ni nan Mondyal Foutbòl Qatar la apre defèt li 2-1 kont Meksik.

Falkon Vèt yo koze yon sansasyon nan tounwa foutbòl la nan match ouvèti a kote li kale ekip Lionel Messi a, Ajantin.

Met sou sa, nan yon ti tan tou kout, Cristiano Ronaldo taka pran avyon pou'l al jwe nan wayom nan.

Arabi Saoudit te prèske nan ke kamonèt la sou lis pi bon pami pi bon ekip nan konpetisyon an - swa nimewo 51. Men ekip la te konpetitif depi nan kòmansman jous tan li jwe dènye match li nan premye Mondyal Foutbòl ki janm fèt nan Mwayèn Oryan an.

XS
SM
MD
LG