Accessibility links

Breaking News

Antrene Brezil la Voye yon Mesaj Sipò bay Pele


Jwe Brezilyen Dani Alves (devan) ak antrene seleksyon Brezilyen an Tite pandan yon konferans pou lapres nan Doha, Qatar, 1 Dec. 2022.
Jwe Brezilyen Dani Alves (devan) ak antrene seleksyon Brezilyen an Tite pandan yon konferans pou lapres nan Doha, Qatar, 1 Dec. 2022.

Antrenè seleksyon nasyonal Brezil, Tite voye yon mesaj sipò bay Pele depi Mondyal Foutbòl Qatar la.

Pele entène lopital depi Madi nan Sao Paulo pou kontwole medikaman lap pran nan lit li kont yon timè nan kolon.

Pitit fi Pele di pa gen "okenn ijans" pa rapò ak eta sante papa li, ki gen 82 zan.

Tite di nan mesaj la: "nou tout swete Pele bon sante."

Tite te pale yon jou anvan pwochen match Brezil la kote li va fè fas ak Kamewoun.

Brezil deja rive nan faz eliminatwa - gwoup 16 la - apre 2 match li jwe yo.

XS
SM
MD
LG