Accessibility links

Breaking News

Abit Fanm Fè Listwa nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Abit Stephanie Frappart (mitan) abit adjwen Neuza Back (goch) epi Karen Diaz (dwat) kouri sou teren an anvan match Kosta Rika - Almay la nan Gwoup E, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 1 Desanm, 2022.
Abit Stephanie Frappart (mitan) abit adjwen Neuza Back (goch) epi Karen Diaz (dwat) kouri sou teren an anvan match Kosta Rika - Almay la nan Gwoup E, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 1 Desanm, 2022.

Mondyal Foutbol Qatar la ap fe listwa.

Pou premye fwa, yon ekip abit fanm selman ap sipevize yon match maskilen.

Fransez Stephanie Frappart pral jere match Costa Rika Almay la nan Gwoup E a Jedi 1 Desanm.

SOT STEPHANIE FRAPPART
VOICE OVER: Pou noumenm se yon opotinite pou ajoute sou eksperyans nou ak kijan nou jere jwe yo. Donk pou chak match, chak ane nou fe anpil amelyorasyon. Donk nou kwe nou pare pou Mondyal la.

Li pral gen kom asistan sou teren an, Brezilyen Neuza Back epi Meksiken Karen Diaz.

Frappart te premye abit fanm ki te travay nan yon match kalifikasyon Maskilen pou Mondyal la nan Mwad Mas la. Li te jere yon match Lig Chanpyon yo tou an 2020.

Gen 2 lot abit fanm nan Mondyal Qatar la - yo se Yamashita Yoshimi ki se moun Japon epi Rouwandez Salima Mukansanga.

SOT SALIMA MUKANSANGA
VOICE OVER: Se yon plezi ak yon one pou yo chwazi nou antanke fanm pou Mondyal Foutbol maskilen an. Se yon bel opotinite pou nou kontinye travay ansanm epi travak ak fre nou yo pou fe Mondyal la yon sikse.

Eske medam yo resevwa yon akey chalere sou teren an?


SOT SALIMA MUKANSANGA
VOICE OVER: Noula paske nou merite la. Nan konfederasyon nou an oubyen lakay nou se yon lot nivo. Donk sa se pi gwo nivo foutbol ki egizste. Si wap travay isit savledi ou merite rive la e se pa yon bagay ki diferan paske nou se fanm. Nap travay di pou nou rive nan Mondyal la e nou merite l donk nou pral travay di pou montre mond lan sa e nou pral ranpote la viktwa.

Abit adjwen Ameriken Kathryn Nesbit di yo gen yon bon ekip.

SOT KATHRYN NESBITT
VOICE OVER: Nou gen relasyon sere sere nou santi nou fe pati yon sel ekip. Yo akeyi nou ak brazouve nou santi tout abit yo egal ego, swa ou se gason swa ou se fanm.

Chef abit yo, Pierluigi Collina gen konfyans nan medam yo.

SOT PIERLUIGI COLLINA
VOICE OVER: Yo pare pou jere nempot ki kalite match, sa depann byen antandu de pefomans yo ak fomasyon yo resevwa epi se sou baz sa a nap deside kiyes kap jere ki match.

Collina ajoute li konprann poukisa gen gwo entere nan abit fanm yo.

SOT PIERLUIGI COLLINA
VOICE OVER: Se yon bagay nouvo donk byen antandi sa atire atansyon sa atire entere menm jan ak tout bagay ki nouvo. Men pou noumenm yo se abit. Yo re responsab match yo. E se mesaj sa a mwen te ba yo le yo te asiste premye semine pou responsab match nou te seleksyone yo. Ou pa la paske ou se fanm. Ou la paske ou se responsab match FIFA.

XS
SM
MD
LG