Accessibility links

Breaking News

Urugwe Kale Ghana 2-0, Men tou 2 Ekip yo Pran Kannè nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Jwe Urugweyen Luis Suarez kwoke jwe Ghaneyen Thomas Partey apre match yo a nan Gwoup H la nan Mondyal Foutbol Qatar la, 2 Desanm 2022.
Jwe Urugweyen Luis Suarez kwoke jwe Ghaneyen Thomas Partey apre match yo a nan Gwoup H la nan Mondyal Foutbol Qatar la, 2 Desanm 2022.

Urugwe ak vedèt li, Luis Suarez, elimine nan Mondyal Foutbòl Qatar la malgre viktwa 2-0 yo ranpòte sou Ghana Vandredi.

Rezilta sa a te lakoz Ghana pran kannè nan konpetisyon an tou.

Vedet seleksyon nasyonal Urugwe a, Luis Suarez selebre apre ko ekiye li Giogian de Arrascaeta make yon gol nan match Gwoup H la kont Ghana nan Mondyal Foutbol Qatar la, 2 Desanm 2022.
Vedet seleksyon nasyonal Urugwe a, Luis Suarez selebre apre ko ekiye li Giogian de Arrascaeta make yon gol nan match Gwoup H la kont Ghana nan Mondyal Foutbol Qatar la, 2 Desanm 2022.

Suarez te jwe yon wòl kle pou seleksyon nasyonal la, le Giorgian De Arrascaeta te make 2 gòl pou ekip la nan premye mitan an.

Urugwe te nan pozisyon pou l avanse jiskaske Kore di Sid te make yon dezyèm gòl nan dezyèm mitan match li ak Pòtigal pou ranpòte la viktwa nan Gwoup H la.

Jwe seleksyon nasyonal Ghana yo apre match Gwoup H yo a kont Urugwe, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 2 Desanm, 2022.
Jwe seleksyon nasyonal Ghana yo apre match Gwoup H yo a kont Urugwe, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 2 Desanm, 2022.

Sa te vle di ke Urugwe te bezwen make yon lòt gòl nan fen match pa li pou kalifye pou faz eliminatwa a.

Urugwe pat rive fè sa e Suarez te byen desi. Kanmarad li yo te eseye konsole li. Match jodia se te pwobableman dènye fwa lap jwe nan yon Mondyal.

XS
SM
MD
LG