Accessibility links

Breaking News

Bèljik Elimine nan Mondyal Foutbòl Qatar la, Krowasi Avanse


Jwe Belj Romelu Lukaku (goch) reyaji apre li rate chans pou l make yon gol pandan Mondyal Foutbol Qatar la, 1 Desanm 2022.
Jwe Belj Romelu Lukaku (goch) reyaji apre li rate chans pou l make yon gol pandan Mondyal Foutbol Qatar la, 1 Desanm 2022.

Krowasi avanse nan Mondyal Foutbòl Qatar la apre li fè match nil ak La Bèljik, 0-0.

Kannè Bèljik pran an pral pwobaleman lakoz ekip li a ki plen talan pral kraze.

Se Krowasi ki fini 2èm nan Gwoup F la, apre Mawòk.

Krowat yo rive nan omwens semifinal yo 2 fwa ke yo te avanse nan faz eliminatwa a.

La Bèljik te pran kannè apre li te make yon sèl gòl nan 3 match li jwe yo. Seleksyon an pa bay rezilta moun te atann lèw konsidere stati li kòm favori nan tounwa a.

XS
SM
MD
LG