Accessibility links

Breaking News

Fanatik Brezil nan Mondyal Foutbòl Qatar la Montre Sipò pou Pele


Fanatik Brezil yo kenbe yo gwo drapo Brezilyen ki gen yon foto vedet Pele ak yon mesaj ki di ann angle "Pele rekipere vit" pandan match Gwoup G a kont Kamewoun, 2 Desanm 2022.
Fanatik Brezil yo kenbe yo gwo drapo Brezilyen ki gen yon foto vedet Pele ak yon mesaj ki di ann angle "Pele rekipere vit" pandan match Gwoup G a kont Kamewoun, 2 Desanm 2022.

Fanatik Brezil kap asiste Mondyal Foutbòl Qatar la montre sipò yo pou Pele pandan match seleksyon nasyonal la kont Kamewoun. Brezil pèdi match la 1-0.

Pele, ki gen 82 zan, te ospitalize Madi nan Sao Paulo pou kontwole medikaman lap pran pou kansè.

Dokte yo di li gen yon enfeksyon respiratwa e ke li pral rete lopital pandan yap swaye li ak antibyotik.

Fanatik yo devwale yon banyè ki gen imaj Pele sou li kote misye kenbe yon balon foutbòl.

Yon kokenn chen imaj Brezil te vizib sou yon bilding tou pre stad la. Imaj la te gen avè l mesaj ki di "rekipere vit" epi "nou renmen Pele".

XS
SM
MD
LG