Accessibility links

Breaking News

Kylian Mbappé Ede La Frans Kale Polòy 3-1 nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Franse Olivier Giroud selebre ak Kylian Mbappe apre li make yon gol nan ouveti match seleksyon nasyonal La Frans kont La Poloy, nan Mondyal Foutbol Qatar la, Dimanch 4 Desanm, 2022.
Franse Olivier Giroud selebre ak Kylian Mbappe apre li make yon gol nan ouveti match seleksyon nasyonal La Frans kont La Poloy, nan Mondyal Foutbol Qatar la, Dimanch 4 Desanm, 2022.

Kylian Mbappé make 2 gòl epi pare chimen an pou Olivier Giroud make yon twazyèm pou ede La Frans ranpòte la viktwa 3-1 sou La Polòy, epi avanse nan ka de final yo.

Jwè ekip Paris Saint-Germain an gen kounyea 5 gòl nan tounwa a. Kidonk la Frans byen plase pou defann tit chanpyon li nan tounwa a.

Kylian Mbappe (a dwat) make dezyem gol La Frans nan match li kont La Poloy nan faz eliminatwa Mondyal Foutbol Qatar la, 4 Desanm, 2022.
Kylian Mbappe (a dwat) make dezyem gol La Frans nan match li kont La Poloy nan faz eliminatwa Mondyal Foutbol Qatar la, 4 Desanm, 2022.

Okenn peyi poko janm ranpòte 2 Mondyal afile depi Brezil te fèl an 1958 ak 1962.

Itali se sèl lòt peyi ki ranpòte 2 Mondyal afile an 1934 ak 1938.

La Frans va fè fas ak swa Angletè swa Senegal nan ka de final yo.

XS
SM
MD
LG