Accessibility links

Breaking News

Neymar Pare pou l Jwe nan Match Brezil Kont Kore di Sid la


Vedet foutbol Brezilyen Neymar pandan sesyon antrenman seleksyon nasyonal la nan stad Grand Hamad la nan Doha, Qatar, Dimanch 4 Desanm, 2022.
Vedet foutbol Brezilyen Neymar pandan sesyon antrenman seleksyon nasyonal la nan stad Grand Hamad la nan Doha, Qatar, Dimanch 4 Desanm, 2022.

Neymar sanble li reprann ni konplètman apre li te blese cheviy li e responsab ekip la atann yo aske misye jwe nan match Brezil kont Kore di Sid la Lendi nan faz eliminatwa Mondyal Foutbòl Qatar la.

Neymar te rekòmanse antrene ak ekip la Dimanch e li pat montre okenn siy li blese pandan sesyon an ke laprès te gen opòtinite suiv.

Antrene Tite te deklare pi bonè nan jounen an ke Neymar tapral jwe si tout bagay byen pase pandan dènye sesyon antrenman ekip la anvan match kont Kore di Sid la.

Tite di li gen entansyon kite Neymar jwe depi nan komansman match la olye yo rezève misye kòm sibstiti.

XS
SM
MD
LG