Accessibility links

Breaking News

Angletè Kale Senegal pou Avanse nan Ka de Final yo


Jwe seleksyon nasyonal Anglete Jordan Henderson (mitan) selebre ak ko ekipye li yo apre li make premye gol ekip la pandan Mondyal Foutbol Qatar la, 4 Desanm 2022.
Jwe seleksyon nasyonal Anglete Jordan Henderson (mitan) selebre ak ko ekipye li yo apre li make premye gol ekip la pandan Mondyal Foutbol Qatar la, 4 Desanm 2022.

Kapitèn seleksyon nasyonal Angletè a, Harry Kane make premye gòl li nan Mondyal Foutbòl Qatar la pou ede ekip li bat Senegal 3-0, Dimanch 4 Desanm nan.

Angletè pral fè fas ak La Frans nan ka de final yo.

Jwe seleksyon nasyonal Anglete Harry Kane selebre dezyem gol ekip li pandan Mondyal Foutbol Qatar la kont Senegal, 4 Desanm 2022.
Jwe seleksyon nasyonal Anglete Harry Kane selebre dezyem gol ekip li pandan Mondyal Foutbol Qatar la kont Senegal, 4 Desanm 2022.

Kane make premye gol li nan tounwa a nan 52èm minit la. Sa mete misye ak yon diferans yon sèl gol ak rekò Wayne Rooney la.

Kane bat rekò Gary Lineker tou kòm foutbolè Britanik ki make plis gòl nan tounwa enpòtan - sa 11.

Britanik Harry Maguire (a dwat) ak Senegale Bamba Dieng goumen pou kontwol balon an nan Mondyal Foutbol Qatar la, 4 Desanm 2022.
Britanik Harry Maguire (a dwat) ak Senegale Bamba Dieng goumen pou kontwol balon an nan Mondyal Foutbol Qatar la, 4 Desanm 2022.

Jordan Henderson ak Bukayo Saka make gòl tou nan stad Al Bayt la, tandiske Jude Bellingham te jwe yon wòl kle pou pare chimen an pou tou le 2 gòl sa yo.

Angletè ap pare kounyea pou fè fas ak chanpyon an tit la, Frans, nan menm stad Al Bayt la Samdi pwochen.

XS
SM
MD
LG