Accessibility links

Breaking News

Pele Byen Repòn a Tretman li pou yon Enfeksyon Respiratwa


Foto Achiv: Pele asiste tiraj o so pou Mondyal Foutbol 2018 la nan Kremlen an nan Moskou, 1 Dec. 2017.
Foto Achiv: Pele asiste tiraj o so pou Mondyal Foutbol 2018 la nan Kremlen an nan Moskou, 1 Dec. 2017.

Lopital Albert Einstein di vedèt foutbol Brezilyen Pele byen repòn a swen lap resevwa pou yon enfeksyon respiratwa e ke kondisyon sante li pa vin pi grav pandan 24 hèd tan ki pase yo.

Pele, ki gen 82 zan, kouche lopital depi Madi. Li resevwa yon pakèt mesaj konvalesans ki soti toupatou nan mond lan pandan lap resevwa tretman pou kansè.

Pitit fi Pele a pibliye plizye foto sou Instagram de fanatik Brezilyen ki kenbe drapo Brezil ak pannkat pou swete papa li bòn chans ak rekiperasyon li.

Pele di mesaj sa yo ba li enèji.

Batiman nan peyi Qatar te mete mesaj sipò pou Pele tou ke piblik la te ka wè.

XS
SM
MD
LG