Accessibility links

Breaking News

Mondyal: Fernando Santos, Antrenè Pòtigal "Pa Ditou Renmen Atitid Ronaldo" nan Match Kore Di Sid la


Vedet seleksyon nasyonal Potigal la, Cristiano Ronaldo, pandan match Gwoup H ekip li kont Kore di Sid, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 1 Desanm 2022.
Vedet seleksyon nasyonal Potigal la, Cristiano Ronaldo, pandan match Gwoup H ekip li kont Kore di Sid, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 1 Desanm 2022.

Antrenè Pòtigal Fernando Santos te di Lendi li "pa renmen konpòtman Cristiano Ronaldo a lè li te fè chanjman sou li nan match kont Kore di Sid nan twazyèm match ekip Pòtigal la tap jwe nan nan Mondyal la nan Vandredi.

Pandan match sa a ekip Pòtigal la te pèdi 2-1. Yo te ranplase Ronaldo nan 65em minit la. Imaj yo te montre misye pat kontan de chanjman an e li eksplike ke kòlè li te lye ak yon diskisyon ak yon jwè opoze.

Fernando Santos te di "Mwen te deja reponn kesyon sa yo apre match la e mwen pral fè l ankò isit la. Mwen pa konnen anyen sou sa ki te pase sou teren an, mwen jis wè l ap diskite ak yon Koreyen. Mwen pa vle pale de sa ankò".

Li te ajoute"Men, mwen te wè foto yo epi mwen pa t 'renmen sam wè yo ditou. Mwen reyèlman pa t' renmen li . Bagay sa yo dwe rezoud ant nou menm."

Pòtigal ap fè fas a peyi LaSwis madi nan pwochen faz eliminasyon direk yo nan Mondyal Foutbol Katar la.

XS
SM
MD
LG