Accessibility links

Breaking News

Neymar sou Lis Jwè Brezilyen pou Match Kore di Sid la


Neymar souri pandan sesyon antrenman seleksyon naysonal Brezil la nan stad Grand Hamad la nan Doha, Qatar, Dimanch 4 Desanm, 2022.
Neymar souri pandan sesyon antrenman seleksyon naysonal Brezil la nan stad Grand Hamad la nan Doha, Qatar, Dimanch 4 Desanm, 2022.

Neymar sou lis jwè seleksyon nasyonal Brezil ki pral jwe kont Kore di Sid Lendi 5 Desanm nan nan Mondyal Foutbòl Qatar la.

Vedèt la pat jwe ditou depi li te blese cheviy dwat li nan match ouvèti Brezil kont Sèrbi a.

Antrenè Tite te di Neymar pral jwe depi nan komansman match la Lendi - selon jan li te degaje li pandan sesyon antrenman ekip la Dimanch.

Neymar make 75 gòl pou Brezil, e li bezwen make 2 lòt pou'l bat rekò Pele a.

XS
SM
MD
LG