Accessibility links

Breaking News

Son Kite Mondyal la San Li Pa Montre Tout Sa l Te Ka Fè pou Kore di Sid


Sid Koreyen Heung-min Son mache ak balon an pandan match seleksyon nasyonal Kore di Sid kont Brezil, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 5 Desanm, 2022.
Sid Koreyen Heung-min Son mache ak balon an pandan match seleksyon nasyonal Kore di Sid kont Brezil, nan Mondyal Foutbol Qatar la, 5 Desanm, 2022.

Sipè vedèt foutbòl Sid Koreyen an pran kannè nan Mondyal Foutbòl Qatar la.

Son Heung-min se ekivalan Lionel Messi, Cristiano Ronaldo ak Neymar kole ansanm pou peyi li, Kore di Sid.

Men dènye chans Son te genyen pou'l limen pi gwo teren foutbòl ki egziste sou latè a ale-vini. Neymar ki tap reprann ni apre yon blesi nan cheviy make yon gòl pou ede Brezil ranpòte la viktwa 4-1 sou Kore di Sid.

Jwe Sid Koreyen Son Heung-min choute balon an nan direksyon gol la pandan ko-ekipye li Cho Gue-sung ak Brezilyen Marquinhos ak Alisson reyaji, 5 Desanm, 2022.
Jwe Sid Koreyen Son Heung-min choute balon an nan direksyon gol la pandan ko-ekipye li Cho Gue-sung ak Brezilyen Marquinhos ak Alisson reyaji, 5 Desanm, 2022.

Son ap kite tounwa a ak fristrasyon ke li pat janm nan bon kondisyon fizik pandan tounwa Qatar la.

Misye te fele zo je li sa gen kèk semèn desa e sa te lakoz li te oblije mete yon mask pou pwoteje figi li pandan 4 match seleksyon nasyonal Kore di Sid la yo.

Jwe vedet Sid Koreyen Son Heung-min salye vedet Brezilyen Neymar nan komansman match Brezil-Kore di Sid la nan Mondyal Foutbol Qatar la, Lendi 5 Desanm, 2022.
Jwe vedet Sid Koreyen Son Heung-min salye vedet Brezilyen Neymar nan komansman match Brezil-Kore di Sid la nan Mondyal Foutbol Qatar la, Lendi 5 Desanm, 2022.

Son ap kite Qatar san li pa make yon sèl gòl.

"Nou fe sa nou te ka fe nan Mondyal sa a e nou fyè de sa" - Paul Bento, antrenè ekip Kore di Sid la deklare. Misye anonse li pral demisyonen.

"Pou twazyèm fwa nan listwa foutbòl Koreyen an nou rive nan faz eliminatwa a. San dout, gwoup sa a se youn pami meyè gwoup mwen janm dirije."

XS
SM
MD
LG