Accessibility links

Breaking News

Hwang Resevwa Mesaj la, Kore di Sid Avanse nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Jwe Sid Koreyen Hwang Hee-chan selebre apre li make dezyem gol ekip li pandan match Gwoup H yo a kont Potigal nan Mondyal Foutbol Qatar la, 2 Desanm 2022.
Jwe Sid Koreyen Hwang Hee-chan selebre apre li make dezyem gol ekip li pandan match Gwoup H yo a kont Potigal nan Mondyal Foutbol Qatar la, 2 Desanm 2022.

Pannkat la te di tout bagay. Hwang Hee-chan konprann mesaj la. Yon jèn fanatik Kore di Sid te kenbe yon pannkat ki di "Yon Lòt Gòl" pandan poz la apre premye mitan an nan match Gwoup H yo a kont Pòtigal.

Ekip yo te egal ego 1-1 apre premye mitan an, men Kore di Sid te bezwen yon lòt gòl pou avanse nan faz eliminatwa a.

Hwang reponn a lapèl ak yon gòl dramatik nan tan siplemantè pou bay Kore di Sid yon viktwa 2-1. Se twazyèm fwa li avanse nan faz eliminatwa Mondyal la.

Hwang di "mwen kontan mwen te ka bay fanatik yo kado sa a."

XS
SM
MD
LG