Accessibility links

Breaking News

Bierhoff Demisyonnen Kòm Direktè Ekip Almay yo


Foto Achiv: Manadje seleksyon nasyonal Almay la, Oliver Bierhoff.
Foto Achiv: Manadje seleksyon nasyonal Almay la, Oliver Bierhoff.

Olivier Bierhoff se premye gwo responsab Almay ki demisyonnen apre seleksyon nasyonal la pran kannè byen bonè nan Mondyal Foutbòl Qatar la.

Se konsa Bierhoff demisyonnen kòm PDG seleksyon nasyonal peyi a ansanm ak akademi foutbòl la.

Federasyon foutbòl Alman an deklare Bierhoff dakò pou l fini kontra li bonè. Kontra li te sipoze bout apre Chanpyona Ewopeyen an an 2024.

Almay pare pou patwone tounwa sa a men gen kè sote pou avni ekip la apre li pran kannè nan 2 Mondyal youn apre lòt. Met sou sa li te pran kannè nan dezyèm tou Chanpyona Ewopeyen an ane pase a.

Bierhoff te jwe yon wòl manadjè ak federasyon an depi 18 an apre li te dirije seleksyon nasyonal maskilen Almay la an 2004.

Ansyen foutbolè Alman an te pran kontwòl tout seleksyon nasyonal peyi a ansanm ak akademi an nan ane 2018.

XS
SM
MD
LG