Accessibility links

Breaking News

Mawòk Kale Espay sou Penalite pou Avanse nan Mondyal Foutbòl Qatar la


Jwe mawoken yo selebre apre chout penalite yo nan Mondyal Foutbol Qatar la kote yo bat Espay pou avanse nan ka de final yo, 6 Desanm 2022.
Jwe mawoken yo selebre apre chout penalite yo nan Mondyal Foutbol Qatar la kote yo bat Espay pou avanse nan ka de final yo, 6 Desanm 2022.

Mawòk tounen premye peyi Arab e selman 4em peyi Afriken ki avanse nan ka de final Mondyal la.

Mawòk kale espay 3-0 sou penalite. Pablo Sarabia, Carlos Soler ak Sergio Busquets rate penalite yo pou Espay.

Chout Sarabia a te frape poto a e gadyen Mawòk la, Yassine Bounou te bloke 2 lòt chout yo.

Ekip yo pat make okenn gòl nan tan regilye ni nan tan siplemante a. Yo te egal-ego 0-0.

Mawòk reprezante pi gwo sipriz tounwa a. Li pral fe fas ak Pòtigal nan pwochen match li.


Nap raple ke gen yon pwoksimite ant Mawòk ak Espay - yo se vwazen pwòch e yo gen yon relasyon jeyopolitik konpleks ant yo.

XS
SM
MD
LG