Accessibility links

Breaking News

Giroud Atann ni Aske Mbappe Bat Rekò Pandan Mondyal Foutbòl Qatar la


Olivier Giroud (a goch) ak Kylian Mbappe, selebre gol yo make pandan match seleksyon nasyonal La Frans kon Poloy, 4 Desanm, 2022.
Olivier Giroud (a goch) ak Kylian Mbappe, selebre gol yo make pandan match seleksyon nasyonal La Frans kon Poloy, 4 Desanm, 2022.

Olivier Giroud, youn pami vedèt seleksyon nasyonal La Frans fèk sot kraze reko seleksyon an pou moun ki make plis gòl la.

Misye deja ap veye Kylian Mbappe.

Foutbolè veteran an, ki gen 36 zan, dekri Mbappe, 23 zan kòm meyè foutbole li janm konstate.

Giroud di: "Nou poko wè pi bon pèfòmans Kylian."

Mbappe make 5 gòl deja nan Qatar. Kounyea li gen yon total 9 gòl e lap vanse sou rekò Alman Miroslav Klose la, ki se 16 gòl.

Giroud make 52 gòl pou La Frans, e li atann ni aske Mbappe ratrape l.

Mbappe gen sèlman 19 gòl mwenske Giroud.

XS
SM
MD
LG